Siwo Myèl
đ Ki sa Siwo Myèl ye ? Siwo myèl se yon likid natirèl ke myèl pwodui apati nèktar flè. Li pa bezwen okenn pwosesis chimik. Lè li pi natirèl, li rich an eleman nitritif ak pwopriyete medsin. đż Konpozisyon Natirèl Siwo myèl genyen : Glikoz & Friktoz (enèji natirèl) Vitamin : B1, B2, B3, B5, B6, C Mineral : Kalsyòm, Fè, MagnĂŠzyòm, Potasyòm Antioksidan Enzim natirèl
Poivre Africain
Poivre Africain â Deskripsyon Jeneral Poivre Africain se yon epis natirèl ki soti sitou nan Lafrik Santral ak Lafrik Lwès. Yo itilize l anpil nan kwizin afriken ak medsin tradisyonèl. Li gen yon gou pike, cho, aromatik, epi li diferan de pwav nwa òdinè.
Lwil maskriti
đą Ki sa Lwil Maskriti ye? Lwil maskriti se yon lwil 100% natirèl ki sòti nan grenn maskriti (castor beans). Nan tradisyon ayisyen, li se youn nan lwil ki pi pwisan pou cheve, po, masaj, ak sante tradisyonèl. đĽ Kijan yo fè Lwil Maskriti (metòd tradisyonèl) Rekòlte grenn maskriti Seche yo Griye grenn yo (sa bay koulè nwa + fòs) Pile oswa moulen yo Kwoke/peze pou retire lwil la Filtre lwil la đ Pa gen pwodui chimik, pa gen additif.
Boul Chokola Haitien
BWA KOCHON
BWA KOCHON Bwa kochon se yon plant ki souvan itilize nan medsin tradisyonèl pou benefis li bay sou endirans seksyèl. Li se youn nan engredyan prensipal nan preparasyon natirèl yo rele âtranpe bwa kochonâ, kote yo mete l tranpe nan kleren oswa lòt likid pou maksimize benefis li yo.
ANIKĂN ( Grenn)
ANIKĂN (Grenn) Anikòn se youn nan plant medsin ki pi inik e presye nan fòm natirèl li. Li renome pou pwopriyete antipwazon li yo, sa ki fè li vin tounen yon remèd natirèl ki pa fasil pou jwenn. Malgre anpil moun konnen fwi a, pyebwa a li menm se yon mistè pou anpil lòt, paske li ra e difisil pou lokalize.
FĂY PWA KONGO
Fèy Pwa Kongo Fèy pwa kongo se yon remèd natirèl ke fanm itilize depi plisyè jenerasyon pou swen entim. Li souvan itilize pou fè twalèt entim epi li rekonèt pou kapasite li genyen pou ede netwaye ak sere zòn vajinal la. Anplis benefis li yo sou ijyèn pèsonèl, li ka bay soulajman kont kèk enfeksyon.
FĂY MASKRETI
Fèy Maskreti Maskreti se youn nan plant medsin tradisyonèl ki gen anpil valè nan swen natirèl. Li bon pou soulaje enfeksyon ak fredi. Lè ou fin akouche ou ka bwè te fèy maskreti ak itilizel pou fè twalèt deba ou, li ede boubounn ou vinn pi sere.
FĂY KOWOSĂL
Kowosòl â Fwi ki pote byennèt natirèl Kowosòl, ke anpil moun konnen pou bon gou li, se tou yon fwi ki chaje ak benefis potansyèl pou sante. Youn nan pi gwo prevansyon kont tout kalite kansè. Li souvan prezante kòm yon soutyen natirèl kont plizyè fòm maladi. Tradisyonèlman, yo itilize li tou pou ede ak dòmi, kalme sistèm nève a, epi jere estrès mantal.
FĂY LALO
Fèy Lalo Fèy Lalo se yon plant tradisyonèlman itilize nan kwizin ayisyèn, espesyalman nan preparasyon legim fèy. Li se eleman prensipal nan yon plat nourisan, rich an fib, vitamin ak mineral, ki souvan akonpaye diri blan oswa viv (manyòk, patat, bannann, elatriye).
FĂY KACHIMAN
FèyâŻKachiman (yo rele li tou: Ponm Kannèl) FèyâŻKachiman se yon remèd tradisyonèl ki itilize depi lontan pou ede nan divès maladi ak pwoblèm sante.
FĂY EKALIPTIS
FèyâŻEkaliptis â Sante Respiratwa ak Byennèt Natirèl FèyâŻEkaliptis se yon remèd natirèl ki itilize depi lontan nan tretman tradisyonèl pou anpil pwoblèm sante. Li ka yon bon alye pou respirasyon, detant, ak sipò jeneral kò a.
FĂY CHIKCHIK
Chikchik â Fèy remèd natirèl pou enfeksyon ak rekiperasyon fanm Chikchik se yon plant tradisyonèl ki itilize pou soutni sante â espesyalman nan ka enfeksyon ak pou fanm ki fenk akouche.
FĂY BOULDIMAS
FĂY AMWAZ
Amwaz â Fèy Natirèl Pou Sante W Amwaz se yon plant ki gen anpil istwa nan medsin tradisyonèl depi plizyè syèk. Li gen plizyè itilizasyon potansyèl ki ka sipòte byennèt ou nan fason natirèl.
Fèy pou fi ki akouche
TayeâŻBandaâŻApreâŻAkouchman Yon melanj fèy espesyalman pou fanm ki fenk akouche.
Djondjon
Djondjon se yon kalite champi nwa ki soti Ayiti e ki trè popilè nan kwizin ayisyen an, espesyalman pou prepare diri djondjon â yon plat ikon tradisyonèl.
Gason Kanson(Boutèy pou bann)
Gason Kanson se yon melanj natirèl ki fèt espesyalman pou gason ki vle amelyore andirans, vitalite, ak sante seksyèl yo. Li se yon solisyon altènatif ki chita sou tradisyon medsin fey ayisyen pou bay plis fòs ak enèji nan lavi entim.
Dechouke Fredi (Boutèy pou fredi)
Dechouke Fredi se yon melanj tradisyonèl natirèl ki fèt pou ede w ranfòse sante w chak jou. Fòmile ak plant medsin ki gen bon repitasyon nan medsin tradisyonèl ayisyen, li se yon solisyon altènatif pou moun kap chèche soulajman ak prevansyon.
FĂY SIMEN KONTRA
Byenfè Fèy Simen Kontra Simen Kontra se youn nan remèd natirèl ki pi itilize nan medsin tradisyonèl pou netwaye kò a ak trete plizyè maladi entèn ak ekstèn.
FĂY TWONPĂT
FĂY TWONPĂT se youn nan remèd natirèl fanm ayisyèn plis itilize pou swen entim ak balans kò yo.
FĂY GWAYAV
FĂY TIBONM
đŤ Kijan pou itilize li Te: Bouyi kèk fèy tibonm nan dlo pandan 5â10 minit, kite l refwadi yon ti kras, epi bwè li cho. Inhalasyon (respire vapè): Mete fèy tibonm nan dlo bouyi, kouvri tèt ou ak yon sèvyèt, epi respire vapè a pou soulaje nen bouche. Pou po: Lave po a ak dlo tibonm pou bay frechè oswa kalme iritasyon.
FĂY ASOSI
Kijan pou itilize li Te: Bouyi kèk fèy asosi nan dlo pandan 5â10 minit, kite l refwadi, epi bwè li cho oswa frèt. Pou po: Ka itilize dlo a pou lave blesi oswa po ki gen iritasyon. Pou netwayaj kò: Bwè yon ti tas chak maten pandan kèk jou pou ede netwaye kò a.