FÈY TIBONM
Fèy Tibonm (yo rele l tou ment oswa mint an anglè) se youn nan remèd natirèl ki gen anpil valè nan medsin tradisyonèl. Men kèk nan pi gwo byenfè fèy Tibonm 👇🏾
🌿 Byenfè Fèy Tibonm
-
Soulaje pwoblèm lestomak
-
Li bon pou gaz, gonfle, kè plen, ak dijesyon difisil.
-
Yon ti tas te fèy tibonm apre manje ede vant ou santi w pi lejè.
-
-
Kalme tèt fè mal ak migrèn
-
Santi bon sant tibonm oswa bwè te li ede rilaks tèt ou, espesyalman lè se tèt fè mal ki soti nan estrès.
-
-
Dezenfekte bouch
-
Fèy tibonm gen pwopriyete antibyotik natirèl ki ede elimine move sant bouch ak bakteri.
-
-
Ede nan grip ak tous
-
Tibonm ede debloke nen, kalme gòj, epi fasilite respirasayon lè ou gen grip.
-
-
Kalme nève ak bay bon dòmi
-
Bwè te tibonm avan ou dòmi ede w rilaks e fè yon bon ti repo.
-
-
Bon pou po ak cheve
-
Dlo tibonm ka itilize pou lave po oswa cheve; li ede kont bouton ak gratèl, epi rann po a fre.
-
-
Bon pou règ fanm
-
Li ka soulaje doulè règ ak kranp nan vant pandan peryòd la.
-