preloader
Feynaturel
Total 15 products found

Sort By :

Show :

FÈY PWA KONGO

Fèy Pwa Kongo Fèy pwa kongo se yon remèd natirèl ke fanm itilize depi plisyè jenerasyon pou swen entim. Li souvan itilize pou fè twalèt entim epi li rekonèt pou kapasite li genyen pou ede netwaye ak sere zòn vajinal la. Anplis benefis li yo sou ijyèn pèsonèl, li ka bay soulajman kont kèk enfeksyon.

FÈY MASKRETI

Fèy Maskreti Maskreti se youn nan plant medsin tradisyonèl ki gen anpil valè nan swen natirèl. Li bon pou soulaje enfeksyon ak fredi. Lè ou fin akouche ou ka bwè te fèy maskreti ak itilizel pou fè twalèt deba ou, li ede boubounn ou vinn pi sere.

FÈY KOWOSÒL

Kowosòl – Fwi ki pote byennèt natirèl Kowosòl, ke anpil moun konnen pou bon gou li, se tou yon fwi ki chaje ak benefis potansyèl pou sante. Youn nan pi gwo prevansyon kont tout kalite kansè. Li souvan prezante kòm yon soutyen natirèl kont plizyè fòm maladi. Tradisyonèlman, yo itilize li tou pou ede ak dòmi, kalme sistèm nève a, epi jere estrès mantal.

FÈY LALO

Fèy Lalo Fèy Lalo se yon plant tradisyonèlman itilize nan kwizin ayisyèn, espesyalman nan preparasyon legim fèy. Li se eleman prensipal nan yon plat nourisan, rich an fib, vitamin ak mineral, ki souvan akonpaye diri blan oswa viv (manyòk, patat, bannann, elatriye).

FÈY KACHIMAN

Fèy Kachiman (yo rele li tou: Ponm Kannèl) Fèy Kachiman se yon remèd tradisyonèl ki itilize depi lontan pou ede nan divès maladi ak pwoblèm sante.

FÈY EKALIPTIS

Fèy Ekaliptis – Sante Respiratwa ak Byennèt Natirèl Fèy Ekaliptis se yon remèd natirèl ki itilize depi lontan nan tretman tradisyonèl pou anpil pwoblèm sante. Li ka yon bon alye pou respirasyon, detant, ak sipò jeneral kò a.

FÈY CHIKCHIK

Chikchik – Fèy remèd natirèl pou enfeksyon ak rekiperasyon fanm Chikchik se yon plant tradisyonèl ki itilize pou soutni sante — espesyalman nan ka enfeksyon ak pou fanm ki fenk akouche.

FÈY BOULDIMAS
FÈY AMWAZ

Amwaz — Fèy Natirèl Pou Sante W Amwaz se yon plant ki gen anpil istwa nan medsin tradisyonèl depi plizyè syèk. Li gen plizyè itilizasyon potansyèl ki ka sipòte byennèt ou nan fason natirèl.

Fèy pou fi ki akouche

Taye Banda Apre Akouchman Yon melanj fèy espesyalman pou fanm ki fenk akouche.

FÈY SIMEN KONTRA

Byenfè Fèy Simen Kontra Simen Kontra se youn nan remèd natirèl ki pi itilize nan medsin tradisyonèl pou netwaye kò a ak trete plizyè maladi entèn ak ekstèn.

FÈY TWONPÈT

FÈY TWONPÈT se youn nan remèd natirèl fanm ayisyèn plis itilize pou swen entim ak balans kò yo.

FÈY GWAYAV
FÈY TIBONM

🫖 Kijan pou itilize li Te: Bouyi kèk fèy tibonm nan dlo pandan 5–10 minit, kite l refwadi yon ti kras, epi bwè li cho. Inhalasyon (respire vapè): Mete fèy tibonm nan dlo bouyi, kouvri tèt ou ak yon sèvyèt, epi respire vapè a pou soulaje nen bouche. Pou po: Lave po a ak dlo tibonm pou bay frechè oswa kalme iritasyon.

FÈY ASOSI

Kijan pou itilize li Te: Bouyi kèk fèy asosi nan dlo pandan 5–10 minit, kite l refwadi, epi bwè li cho oswa frèt. Pou po: Ka itilize dlo a pou lave blesi oswa po ki gen iritasyon. Pou netwayaj kò: Bwè yon ti tas chak maten pandan kèk jou pou ede netwaye kò a.

My Cart
Cart Page
My Wishlist
Wishlist Page

Nou ka itilize (cookies) oswa lòt teknoloji pou swiv lè ou vizite sit entènèt nou an. Learn more

Allow